12 janvye 2010 – 12 janvye 2023, pèp Ayisyen kote nou ye?

Massachussetts, USA, 01/12/2023 – Jodi y’a Goudougoudou a genyen 13 lane. 37 segonn te sifi pou 300 mil frè ak sè n yo te kite nou nan kondisyon difisil. Yon milyon lòt ta pwal rete 2 bra pandye san yo pat konnen ki kote pou yo te poze tant yo.
Konbyen nan nou ki 13 lane apre vin nan enkapasite fizik ak mantal epi tou yo bann ak yon pakèt jouk jodi y’a poko kapab leve atè akòz yo te pèdi tout sa yo te posede kòm byen.
13 lane apre, 37 segonn malè sa Ayiti ansanm ak tout pitit li yo atè plat.
Genyen anpil moun, nasyonal kon etranje, yo pwofite malè nou pou yo travèse Canaan. Anpil lajan gaspiye, pou repete lòt la, lajan ki pa rete ak lajan. Lajan ou dwe pran anpil tan pou w konte. Yon veritab asosyasyon malfektè, yon veritab gang ak siyati dechèpiyè te byen monte, byen òganize, paske bandi ak kravat sa yo te konnen kisa yo te pare pou nou, yo fòse nou la men, yo achte konsyans enkonsyan yo, n ap pale la de Palmanteu/Palmantè nou yo, pou yo te vote yon lwa ki gen anndan l, yon estrikti CIRH, ki sanble kon degoutdlo ak kòd nwa pou yo te kapab fè tout krim ekonomik ak finansye nou tout konnen yo.
Dilapidasyon CIRH la se youn nan pi gwo krim ekonomik ke yon pèp kaba sibi apre yon katastwòf natirèl tankou tranbleman de tè 12 janvye 2010 lan. E koupab yo tèlman alèz, tèlman byen chita, anpil ladan yo recidive lè yo kontinye senyen pèp Ayisyen an nan fè lajan Petwokaribe tounen lafimen paske se lajan petwòl li ye. Konsa li boule e nou wè, nou pran sant lafimen yo ki toufe nou jouk yon bon valè ki pat mouri nan 12 janvye, lamizè genyen rezon sou yo fòse yo fè vwayaj etènèl la.
Madichon pou tout sila yo ki 13 lane apre konplis pifò toujou nan malè pèp sa ki nan moman nou ye la, li pa menm genyen dlo ak larim ankò. Tèlman souf la koupe. Rezilyans pa etann nan plis enfini. Menm lè li ta elastik genyen yon moman kap rive l ap febli.
13 lane apre, Goudougoudou politik la pi rèd nan dengwenn nou. Tout sa ki ta sanble ak relèvman apre evenman trajik sa, pa reprezante anyen ankò tèlman PHTK premye, dezyèm ak twazyèm vèsyon anime ak lespri epi volonte pou antere pèp Ayisyen.
Nou pa bezwen drese lis la ankò. Menm timoun ki fèt nan Goudougoudou a santi, paske kounye y’a, timoun sa yo genyen trèz (13) lane, yo wè, yo viv nan kò yo ak nan lespri yo raj destriksyon bandi legal yo (bandi ak kravat, bandi souflantyou, bandi entènasyonal k ap kore bandi sou teren yo ak dènye gwoup la bandi ak zam yo ki anpeche nou fè piwèt nou pou nou kapab chache lavi…).
12 janvye 2010 – 12 janvye 2023 pèp Ayisyen antòtye pi rèd toujou. Dènye kòd ekip PHTK, alye l yo ansanm ak patwon l yo soti pou mare l, tankou kolon yo te mare esklav yo pou lage yo sou pon batiman pou vin souse san yo, se Akò 21 desanm 2022 y’a. Yon Akò ki soti nan jounal ofisyèl Repiblik la « Le Moniteur », tankou CIRH la, pral pèmèt yo kontinye valkannize nan sa yo pran pou savann nan, Ayiti cheri nou an.
Se menm « entêtement », menm fèmen je yo, menm bouche zòrèy yo, apre Goudougoudou 2010 yo, yo foure papa bandi legal yo, Joseph Michel Martelly nan gòjèt. Nou tèlman dosil, nou tèlman ozòd, yo repete operasyon nan lane 2016 apre Matthew kraze platatè Gran Sid la.
Nan moman sa kominote entènasyonal la, OEA ak Almagro nan tèt bandi yo fòse nou òganize eleksyon pou te foure nan gòjèt nou papa bandi legal yo Joseph Michel Martelly an apre yo fè nou vale Fiyèl li Jovenel Moïse.
Ak nouvo Akò Akwòkò ki genyen pou non « Consensus National pour une Transition Inclusive et des Élections Transparentes » ak Ariel Henry chèf PHTK twazyèm vèsyon an. kominote entènasyonal la kontinye pran nou pou kobay kote y ap rapousib ak modèl demokrasi mezi lajan w, mezi Wanga w la. Nou dwe konnen pi gwo objektif Akò sa se « mennen ban n kabrit yo nan labatwa eleksyon ».
Ki eleksyon? Nan ki kondisyon? Ak ki Moun e pou ki pèp?
Marcel Poinsard Mondésir





