10 Desanm, jounen entènasyonal Dwa Moun. Pèp Ayisyen di Ki Dwa Moun?

10 Desanm, jounen entènasyonal Dwa Moun. Pèp Ayisyen di Ki Dwa Moun?

Marcel P Mondesir
Boukan News, 12/10/2024 –  Jodia a se Jounen ke Nasyonzini konsakre pou Selebre Dwa Moun.
Jodi a èske peyi dAyiti ansanm ak pèp Ayisyen kapab selebre jounen Dwa Moun sa?
Nou poze tèt nou kesyon sa paske nou wè pèp Ayisyen sa ki se papa Libète, pèp Ayisyen sa ki se premye pèp ki bay Limanite pi gwo egzanp Dwa Moun se li menm k ap viktim Dwa Moun.
10 Desanm 2024 sa kiyès nan Dwa Fondalnatal yo ki egziste pou nou menm pèp  Ayisyen
Dwa pou tout moun genyen lavi: Kouman nou konprann pou yon bandi ak lame l masakre plis pase 200 moun(sitou Granmoun) epi swadizan otorite Leta ap plenyen tankou nenpòt Sitwayèn ak Sitwayen. Kiyés ki dwe garanti « Dwa pou tout moun viv », si se pa mouche Leta.
Jodi 10 Desanm 2024 la, mwatye Popilasyon Ayisyèn nan ap manje « par accident » Epi ki manje?
Nou tout konnen Manje se youn nan Dwa moun ki enpòtan. Là encore, il est de la responsabilité de l’État de faire tout ce qui est en son pouvoir pour permettre à la population d’avoir accès à une alimentation saine et équilibrée. Jodi a pifò popilasyon an se « yon akoupi chaje m, yon chen jambe» k ap touye vè nan vant yo.
Tout Leta gen responsablite pou fasilite pèp li jwenn swen pou l kapab viv an sante. Jodi 10 Desanm 2024 la, Dwa pou pèp Ayisyen an jwenn swen sante ou pa fouti pale pawòl konsa. Pifò Sant sante yo fèmen, sa k ap fonksyone soufri tout mankman depi nan pèsonèl pou rive nan materyèl ak ekipman plis medikaman. Mete sou sa, menm lè malad  la anndan lopital la Lavi l pa garanti mouche bandi kapab antre pou etenn souf li.
Dwa pou sikile lib e libè. Si genyen yon Dwa ki pa egziste pou pèp Ayisyen jodi 10 Desanm 2024 sa, se Dwa pou l fè ale vini jan l vle, kote l vle nan respè lalwa ak garanti lavi sou 27 750 km2 a.
10 Desanm 2024 la Espas ki pi enpòtan, ki pi vital nan peyi a, Pòtoprens ak vil sou kote l yo, tout moun admèt 85%! ladan l se « tèritwa pèdi ». Pifò aksyon k ap poze nan espas sa pa genyen anyen ladan yo ki kadre ak Dwa Moun, ki mache kole ak sans lavi genyen.
Edikasyon
Santé
Manje
Travay
Mache San kè sote
Lwazi/Rekreyasyon
Elatriye
Tout Dwa sa yo ki fè yon Moun Moun sanse pa egziste nan kapital la/Pòtoprens ak vil sou kote l yo. Espas ou ta kapab rele « poumon Repiblik la », ou byen tou « cœur battant du pays ».
Ce coeur battant/ce poumon est à l’arrêt total comme tous les Droits Humains  en ce 10 Décembre 2024.
Konsa, nou espere ni pouvwa, ni BINUH, ni okenn enstans Nasyonal ak Entènasyonal pap vin louvri gagann yo pou li Diskou, pou repete yon seri phraséologies sou Dwa moun ki pa vle di anyen pou nou menm pèp Ayisyen 10 Desanm 2024 la. Nou mande tout moun sa yo tanpri souple pou yo Defini Dwa moun nan pou nou epi tou pou yo di nou tout bon vre ki dispozisyon y ap pran pou pèmèt nou menm pèp Ayisyen Jwi Dwa moun yo tout bon. Sitou lè tout Limanite konnen Pèp Ayisyen se Premye Pèp ki goumen tout bon vre pou Enskri nan Liv Listwa Premye Dwa Moun yo ki se Dwa a lavi . Act Endepandans Ayiti an se Premye Dokiman Dwa Inivèsèl Moun li ye.
Malerezman jodi 10 Desanm 2024 sa bouch tout otorite Ayisyen dwe tranble lè y ap pale de Dwa Moun, paske okenn nan Dwa fondalnatal yo, sanse pa egziste pou pèp Ayisyen an.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *