Otorite peyi Dayiti sispann fèmen pòt peyi y’a sou pitit li yo.
Boukan News, 04/12/2023 – M ap kòmanse mémo sa ak pawòl sa yo: kelkanswa sitiyasyon, kelkanswa estati ou etikèt otorite y’a, malerezman se nan men l direksyon peyi an ye. E se sa Ayiti ap viv. E se sa Ayisyen blije sibi.
Men tout moun ki genyen Ayiti nan sang yo, rete sansib pou tout sa k ap fè repitasyon peyi y’a, tout sa k ap chanje imaj Ayiti, peyi bandi. Ayiti peyi kote Gang fè la lwa.
Nan peryòd nou ye la, kilti ak espò se 2 aktivite ki pèmèt drapo Ayiti monte byen wo nan syèl mond lan.
Nan espò a, foutbòl la, sitou foutbòl feminen an, se tankou Anacaona, Sanite Belair k ap taye banda bò kote esklav yo pou fòje libète a, pou kase chenn nan.
Pou sa, anpil Ayisyen 2ième, 3ième jenerasyon k ap viv nan dyaspora vle mete yo disponib pou reprezante Ayiti nan antre nan ekip nasyonal foutbòl yo.
Anpil nan jèn sa yo rankontre yon gwo miray ki kanpe deven yo ansanm ak paran yo, malgre jefò ak demach ke yo konn fè pou yo jwoin n dokiman legal.
.
Fas ak tout barikad sa yo, ou ta gen dwa poze kesyon ki itilite misyon diplomatik Ayiti yo?
Ki wòl Anbasadè, Konsil Jeneral, Konsil ak tout rès yo ki plen misyon yo. Kote anpil ladan yo pap fè anyen sinon tete manmèl la, paske yo se pwoteje yon moun ki nan pil mounn ki ap siyen Akò akwòkò ki pa nan bò pèp lan.
Poukisa gouvènman an, menm defakto, pa bay Ministè Espò manda pou resevwa dosye jèn sa yo epi transmèt yo bay ekip teknik Federasyon yo pou analize dosye yo, epi tabli kontak ak enterese yo pou apre etid pran desizyon ki dwe pran.
Si dosye a aksepte, kounye y’a Federasyon an, men nan men ak Ministè Espò òganize yo ak Ministè Zafè Etranjè pou pèmèt jenn sa yo genyen tout dokiman itil pou yo k ab entegre ekip Nasyonal la. Epi reprezante peyi an valableman.
Pa gen nesesite pou nou kontinye ap fèmen pòt la sou dyaspora ki dispoze mete tout konesans ak savwa yo nan sèvis peyi y’a.
Nou dwe sonje nan moman sa se kilti a ansanm ak espò a ki pèmèt Drapo peyi an monte byen wo nan syèl mondyal la.
Malheureusement, La mesquinerie continue de nous rabougrir.