Òlòj fen dimond (Doomsday Clock): Rete 90 segonn avan minui pou mond la ta disparet pou ane 2024 la.

Òlòj fen dimond (Doomsday Clock): Rete 90 segonn avan minui pou mond la ta disparet pou ane 2024 la.

Dr Roland Joseph

Boukan News, 01/23/2024 – Se jodi madi 23 janvye 2024 la syantifik ak chèchè yo prezante reglaj revèy yo rele òlòj fen dimond la (anglè: Doomsday Clock) a 90 segond avan minui. Pou ane 2023 a li te 90 segonn. Ekspè ak syantifik yo toujou kenbe l sou 90 pou ane 2024 la akoz gwo menas lagè ki gen nan mond la tankou gè ant Izrayèl ak Amas nan Palestin, gwo kè sote ak laperèz ki genyen pou zam nikleyè ta itilize nan kad konfli ant Larisi ak Ikrèn nan, pètibasyon teknolojik tankou entèlijans atifisyèl, pwoliferasyon zam nikleyè, menas biolojik yo, kriz klimatik, ak kanpay dezenfòmasyon (Starkey, 2024). Nan atik sa a, nou pral eseye ba w plis detay sou kisa òlòj fen dimond la ye, depi kilè li la, kilè zegwi revèy la te pi pre minui.

Se chak ane òganizasyon ki rele “Bulletin of the Atomic Scientists” la chwazi pibliye òlòj fen dimond la (Doomsday Clock) pou ede gran piblik la konprann gwo danje k ap menase nou nan mond la epi ki ka elimine nou tout nan yon bat je. Plis zegwi revèy la pi pre minui se plis mond la pi pre pou l fini ak ansanm danje ke syantifik yo idantifye a.

Albert Einstein

Bulletin of the Atomic Scientists se yon òganizasyon san bi likratif ki travay sitou nan domèn zam nikleyè. Yo toujou avèti piblik la sou gwo danje egzistansyèl ki lye ak zam sa a. Òganizasyon sa a te fonde nan ane 1945 nan Inivèsite Chikago Ozetazini. Daprè done nou jwenn sou sitwèb “Britannica”, premye fondatè ak sipòtè òganizasyon sa a se te syantifik ki te patisipe nan devlopman premye bonm atomik yo (Britannica, 2024). Nan syantifik sa yo, ou te jwenn yon nèg tankou Albert Einstein, J. Robert Oppenheimer, ak Eugene Rabinowitz (Britannica, 2024). Mesye sa yo te tèlman enkyete aprè yo te patisipe nan kreyasyon bonm destriksyon masif saa, yo te santi yo te gen yon responsabilite moral ak sosyal pou te enfòme epi edike gran piblik la sou gwo menas egzistans zam sa a reprezante pou planèt la (Britannica, 2024).

Nou ka di tou òlòj fen dimond la se yon senbòl oubyen yon metafò ke syantifik yo itilize pou montre gran piblik la konbyen tan ki rete pou mond la ta elimine. Jeneralman, yo baze pwojeksyon yo an sou nivo danje oubyen ris ki asosye ak asenal nikleyè yo pou yo plase zegwi an sou minit oubyen segond sou òlòj la avan minui. Se apati 2007 syantifik yo te kòmanse ajoute lòt faktè ki te ka kondui ak destriksyon total mond la tankou katastròf ki lye ak chanjman klimatik, teknoloji ripti tankou biosekirite ak sibèsekirite (Uchicago News, n.d). Daprè syantifik yo, menas sa yo gen kapasite pou yo ta detwi latè.

Se 22 manm Konsèy syantifik ak sekirite òganizasyon an, an konsiltasyon avèk lòt manm Konsèy esponsò yo ki gen ladan l anviwon 11 loreya nan pri nobèl. Chak ane yo poze 2 gwo kesyon: 1) eske limanite pi an sekirite oubyen nan pi gwo ris ane sa a pase ane pase? 2) Eske limanite pi an sekirite oubyen nan pi gwo ris konparativman ak 77 ane revèy la te fikse? (Starkey, 2024).

Òlòj fen dimond la te kreye nan are 1947 swa 2 zan aprè Etazini te fin bonbade Iwochima ak Nagazaki nan peyi Japon. Premye fwa syantifik yo ta pral risèt revèy la se te nan ane 1949 akoz tès bonm atomik Inyon Sovyetik yo nan mwa out 1949 (Starkey, 2024).

Doomsday

Depi 1947 pou rive jodi an, anpil chanjman fèt nan òlòj fen dimond la. Nan ane 1953 revèy la te plase sou minui mwen 2. Youn nan rezon yo se paske Etazini te teste premye bonm idwojèn li nan mwa novanm 1952. Nan ane 1960 òlòj, syantifik yo te retounen plase revèy la sou minui mwen 7 akoz aktè politik pisans nikleyè te siyen yon seri akò entènasyonal sou kesyon tès nikleyè. Nan ane 1963 yo te mete l sou minui mwen 12 akoz Inyon Sovyetik, Wayòm Ini, ak Lèzetazini te siyen yon akò yo rele Akò Entèdiksyon Konplèt esè nikliyè. Akò sa a te entèdi pou aktè konsène yo pa tèste zam nikleyè ni nan espas anlè, ni sou tè, ak anba dlo. Lè zegwi òlòj la te pi lwen minui se te nan ane 1991 (Uchicago News, n.d). Lè sa a syantifik yo te metel minui mwen 17 (Uchicago News, n.d). Youn nan rezon yo se paske Inyon Sovyetik ak Etazini te siyen yon trete yo rele Trete Rediksyon Zam Estratejik (START). Se yon trete kote aktè sa yo deside pou yo redui sou kantite asenal nikleyè yo posede.

Premye fwa zegwi revèy la te pi pre minui se te an 2023. Lè sa a syantifik yo te mete revèy la 90 segond pou rive minui. Konfli ant peyi Larisi e peyi Ikrèn nan se youn nan faktè ki te motive syantifik yo sou reglaj sa a. Lidè peyi Larisi a pa janm ekate posibilite pou l ta itilize zam nikleyè ki pa gen gwo entansite, sa nou rele zam nikleyè taktik la, nan kad konfli sa a pou ta chofe gè a. Deklarasyon Prezidan Poutine nan te monte plim sou do gwo pisans oksidantal yo sitou eta k ap sipòte peyi Ikrèn nan kad gè an. Li enpòtan pou ajoute tou nan mwa fevriye 2023, Larisi te retire tèt li nan Trete START la. Yo te menm anonse tou ke yo ka soti tou nan trete yo rele Trete Entèdiksyon Konplèt Esè Zam Nikleyè yo.

Pandan 2020, 2021, jiska 2022 syantifik yo te fikse revèy la 100 segonn avan minui. Pou te plase zegwi revèy la 100 segond avan minui, syantifik yo te chita sou ogmantasyon rivalite ak ostilite nan mitan gwo pisans nikleyè yo melanje ak fenomèn chanjman klimatik la ak lagè enfòmasyon. Lòt faktè yo te mete devan sitou nan ane 2020 ak 2021, se te pwopagasyon pandemi yo rele Kovid 19 la. Nan ane 2020, pandemi sa a te touye 1, 7 milyon moun e li pemèt 70 milyon lòt te tonbe malad. Kovid 19 la se tankou se yon siy ki te montre kijan sistèm entènasyonal nou gen la a poko prè pou reponn ak yon seri ijans mondyal.

Anpil nan menas k ap mennen nou nan eliminasyon mond la se nou menm lèzòm ki kreye yo. Puiske nou tout anba menm danje an, se nou tout ansanm pou ki travay pou redui ansanm danje sa yo nan mond la. Se nou tout ki dwe travay ansanm pou elimine zam nikleyè, avan zam nikleyè elimine nou tout.

Roland Joseph Ph.D.

Doktè Roland Joseph se yon chèchè Ayisyen k ap viv Ozetazuni e k ap evolye nan domèn etid sou lapè ak konfli entènasyonal. Rechèch li yo konsantre sou defi ak eksperyans transfòmatif aktivis/chèchè k ap fè pwomosyon syans politik ki baze sou tewori “nonkilling” ak lòt aktivis/chèchè ki nan domèn dezameman ak disyazyon nikleyè. Doktè Joseph se yon chèchè asosye nan Center for Global Nonkilling (CGNK), yon ONG Amerikèn entènasyonal ki akredite nan Nasyon Zini k ap fè pwomosyon “nonkilling” ak konstriksyon lapè (peacebuilding). Depi nan mitan ane 2023 a, li chwazi pou l sansibilize, enfòme oubyen atire atansyon Ayisyen k ap viv an Ayiti kou nan diaspora a sou kesyon ris ki lye ak itilizasyon potansyèl zam nikleyè nan konfli.

Referans:

Doomsday Clock. (2024). Retrieved from https://www.britannica.com/topic/Doomsday-clock

Starkey, S. (2024). Doomsday Clock remains at 90 seconds to midnight. Retrieved from https://thebulletin.org/2024/01/press-release-doomsday-clock-remains-at-90-seconds-to-midnight/

Uchicago News. (n.d). The Doomsday Clock, explained. Retrieved https://news.uchicago.edu/explainer/what-is-the-doomsday-clock

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *