Mwa Janvye 2024: Yon Ranmase sou kèk Gwo Tansyon nan Mond la ak Ris pou Itilizasyon Zam Nikleyè nan Konfli

Mwa Janvye 2024: Yon Ranmase sou kèk Gwo Tansyon nan Mond la ak Ris pou Itilizasyon Zam Nikleyè nan Konfli

Dr. Roland Joseph

Boukan News, 02/02/2024 – Nan kòmansman ane 2024 la bagay yo myèl anpil nan mond la. Gen gwo menas lagè ki ka menm enplike itilizasyon zam nikleyè swa pa aksidan oubyen ak volonte otorite eta nikleyè yo. Nou gen rezon pou nou di sa paske majorite eta ki posede tip zam destriksyon masif sa a enplike nan yon konfli kèlkonk swa antre yo oubyen ak yon lòt eta non-nikleyè. Tankou nou konnen l deja, gen anviwon 9 eta ki posede zam nikleyè nan tout mond la ak kèk lòt tankou Iran k ap chache depi kèk tan devlope pwòp asenal nikleyè pa l. Nan atik sa a, nou pral eseye ba w kèk enfòmasyon sou kèk gwo tansyon k ap brase bil mond la, e ki ka menm lage nou nan gwo kouri nenpòt kilè si aktè yo pa pran chimen dyalòg ki baze sou prensip nonvyolans ak pa touye (nonkilling principles).

Kim Jong-Un

Fwa pase a, lidè Nò Koreyen an, Kim Jong Un, anonse yo teste yon sistèm zam nikleyè sou maren ki rele “Haeil-5-23”.  Pyongyang teste sistèm zam nikleyè sa a aprè egzèsis militè konjwen peyi Etazini, Kore di Sid, ak Japon te mennen nan zile Jeju an. Pyongyang esplike zam yo rele “Haeil-5-23” se yon veyikil sou maren san pilòt epi ki gen yon tèt nikleyè ke Nò Koreyen yo rele “Haeil” (rad mare). Sepandan anpil analis poko fin kwè si se sistèm sa a Kore di Nò te teste vre. Men sa enpòtan Kore di Nò anonse nouvèl la.

Peyi Kore di Sid kalifye nikleyè tès Kore di Nò a tankou yon pwovokasyon. Ministè Defans peyi Sid Koreyen an fè konnen tès peyi Kore di Nò an kontinye ap menase lapè nan Penennsil koreyèn nan ikonpri nan tout mond la. Yo kontinye pou yo di, si Kore di Nò ta pwovoke yo, y ap reponn avèk britalite.

Nan kòmansman ane a, Kim Jong un te gentan kalifye peyi Kore di Sid kòm enmi nimewo 1 peyi Kore di Nò. Kim Jong un tèlman kanpe sou brenzeng li, misye retire tout ajans k ap travay pou reyinifye rejyon Sid la. Nan kad estrateji li, li kòmanse ranfòse rapido presto relasyon diplomatik li avèk Moskou ikonpri Peken. Kim Jong un ak Vladimir Poutine se 2 bon zanmi. E se youn nan rezon, pou anpil analis, lidè Nò Koreyen an santi li pi konfòtab chak jou pou kreye plis laperèz ak kè sote nan mond la. Nan dènye wikenn ki sot pase a, peyi Kore di Nò te menm mansyone volonte lidè Ris la Vladimir Poutine pou l ta vizite yo pa twò lontan.

Putin ak XI

Lè n ap pale de eta nikleyè ki nan konfli ak lòt eta non-nikleyè pou kòmansman ane 2024 la, nou pa ka kite Larisi dèyè. Nou konnen nan mwa fevriye 2022 ane pase anwo, peyi Larisi te anvayi peyi Ikrèn. Prezidan Poutine te menm ap etidye posibilite pou l ta itilize zam nikleyè taktik oubyen non-estratejik nan kad konfli sa a yon fason pou ta disyade peyi Òganizasyon Trete Altlantik Nò yo (OTAN) sizoka yo ta gen entansyon sipòte dirèkteman peyi Ikrèn nan kad gè an. Nou ka di jiskaprezan, posibilite sa a sanble toujou kenbe pou ane 2024 la.

Lòt koze ki domine aktyalite entènasyonal la nan kòmansman ane 2024 la se kesyon Iran ak Pakistan. Premye an ap chache devlope pwòp asenal nikleyè pa l, alòske dezyèm nan gen anviwon 170 tèt nikleyè epi ap travay di pou l ta fè l rive 200 disi 2025. Fwa pase a, Iran te itilize misil ak dwonn pou te frape zòn lwès peyi Pakistan tou prè Koh-e-Sabz. Frap peyi Iran an te leve gwo plim sou do otorite yo nan peyi Pakistan. Anviwon 2 jou aprè, Pakistan te riposte epi mennen yon seri frap ayeryèn nan sidès peyi Iran tou prè Saravan. Minis Zafè Etranjè peyi Pakistan an te souliye avèk fèmte ke atak Iran te fè nan dat 16 janvye 2024 la, se non sèlman yon vyolasyon grav kont souverènte Pakistan, men tou li se yon vyolasyon flagran lwa entènasyonal ak relasyon bilateral ant 2 eta yo.

2 pi gwo diplomat Iran ak Pakistan:Hossein Amirabdollahian/Jalil Abbas Jilani

Sitiyasyon sa a te kòmanse deteryore relasyon 2 peyi yo anpil. Peyi Pakistan te gentan kouri raple anbasadè li te gen nan Teheran an epi anile tout angajman diplomatik ak komèsyal wo nivo yo. Sepandan sa pat pran anpil tan pou aktè yo te chita ansanm pou te jwenn yon solisyon rapido presto ak pwoblèm nan. Nan chita pale yo, Islamabad te di ke li te frape baz separatis Baloch Liberation Front ak Baloch Liberation Army, alòske Teheran te di ke li te frape militan nan gwoup Jaish al Adl (JAA). Tou 2 peyi yo finalman renouvle angajman yo pou yo respekte souverènte ak entegrite teritoryal lòt apre misil tit-pou-tat (anglè: tit-for-tat) la. Pou kounya nou ka di tout bagay sanse retounen nan nòmal ant 2 peyi yo. Minis Zafè Etranje Pakistan an, Jalil Abbas Jilani, ansanm ak tokay Iranyen li a, Hossein Amir Abdollahian, te deja prezante yon konferans de près pou te anonse nouvèl la.

Yon lòt gwo pwen ki domine aktyalite entènasyonal la pandan mwa janvye 2024 la se atak gwoup rebèl ame ki rele “Houthis” la te fè sou bato komèsyal ameriken ki t ap tranzite nan zòn Lanmè Wouj la (Lanmè Wouj la se tankou se yon wout pou komès entènasyonal). Gwoup mizilman sa a aktif depi ane 1990 yo nan zòn nò peyi Yemenn. Gwoup sa a te atake bato komèsyal ameriken an, daprè sa yo di, ansiy de solidarite ak sa k ap pase nan Gaza nan peyi Palestin. Aprè atak la, san pèdi tan Washington te mete gwoup Houthis la sou youn nan lis òganizasyon teworis yo. Etazini te vin reyalize ke peyi Iran ta dèyè atak Houthis yo te fè sou bato komèsyal sa a. konsa militè ameriken ak britanik yo te lanse yon seri atak nan zòn kote Houthis yo kontwole an. Analis yo ta konsidere frap ameriken yo tankou yon gwo repons ak gwoup sa a. Nou dwe presize ke Prezidan Biden fè konnen se li ki te bay lòd pou yo te frape Houthis yo.

Denyèman la a, gen 3 sòlda nan Lame Ameriken nan ki ale nan peyi san chapo ak plis pase 40 lòt ki blese grav nan kad yon atak ak dwonn. Ofisyèl ameriken yo ta fè konnen ke dwonn ki frape militè ameriken yo se dwonn gwoup Iran ap sipòte e ki ta menm sanble soti nan peyi Siri. Se yon lòt fè enpòtan ki riske ogmante tansyon yo nan mond la patikilyèman nan Mwayen Oryan an. Pou moman n ap ekri atik sa a, Mezon Blanch gentan ap prepare yo pou yo reponn rapido presto ak gwo zak sa a. Pandan setan Iran gentan avèti etazini pou yo pa mete pwent pye yo sou teritwa iranyen an. Yo pouswiv pou di ke y ap reponn ak tout frap Etazini sou teritwa iranyen an. Avètisman sa yo vini pandan Iran ap tann pou wè ki jan Joe Biden pral reponn ak lanmò twa militè Ameriken sa yo.

XI Jinping

Apre eleksyon prezidan William Lai nan peyi Taiwan, peyi Lachin monte ton an kote yo fè konnen ke y ap pini nenpòt inisyativ ki ta vize endepandans peyi Taiwan. Beijing totalman opoze ak tout ide endepandans pou zile sa a. Lachin fè konnen detèminasyon yo pou pran kontwòl Taiwan rete “fèm tankou wòch”. Nou ka di ke Taiwan antre nan yon epòk enstabilite politik ki ka menm konplike tansyon ki deja egziste ant Etazini ak Lachin. Pa bliye Lachin se twazyèm pisans nikleyè nan mond la. Yo gen anviwon 500 tèt nikleyè aloske y ap travay kou mèt jan jak pou ogmante kantite an.

Se preske nan tout rejyon nan mond la ki gen konfli ant eta yo. Sepandan, sa nou tout dwe konnen konfli pa yon move bagay. Se pito mwayen nou chwazi pou nou adrese oubyen rezoud konfli sa yo ki poze pwoblèm. Preske tout peyi ki nan konfli yo kanpe sou vyolans ak touye. Tout vle atake swa ak zam konvansyonèl oubyen ak zam nikleyè. E gwoup k ap fè atak yo gen gwo pisans nikleyè dèyè yo. Pa egzanp, si youn nan gwoup radikal nan rejyon Mwayen Oryan an ta deside jwenn zam nikleyè, te ka gen gwo dega nan mond la. Se vre ekspè yo di li ekstrèmeman difisil pou gwoup teworis yo ta gen aksè ak zam nikleyè. Men li pa enposib. Nan yon lot atik, na pale plis sou ris ki genyen pou teworis ta devlope zam nikleyè pa yo.

Tansyon ki egziste nan mitan pisans nikleyè yo nan defann enterè yo nan mond la patikilyèman nan Mwayen Oryan an ka mennen nou nan yon eskalad konfli nikleyè nenpòt kilè. Si gwo pisans yo ta echwe pou rezoud konfli rejyonal sa yo nan lapè, sa ka entansifye ostilite epi ogmante ris pou yo ta itilize asenal nikleyè taktik oubyen estratejik. Se pa yon bagay ki fasil. Men tankou nou dil deja li pa enposib. Si yo ka repete l, li ka rive.

Li enpòtan pou kominote entènasyonal la travay pou anpeche eskalad konfli nikleyè nan mond la epi ankouraje politik non-pwoliferasyon nikleyè vètikal ak orizontal. Aktè yo ka chwazi rezoud diskisyon yo nan lapè pou evite tout ris ki asosye ak zam destriksyon masif sa a. Diplomasi, dezameman ak koperasyon entènasyonal se eleman esansyèl pou minimize tout danje sa yo. E se poutèt sa li enpòtan anpil pou nou chanje paradigm politik entènasyonal la ki chita plis sou touye ak preparasyon pou lagè. Nou bezwen yon lòt sistèm politik entènasyonal ki chita plis sou sa nou rele “positive peace” oubyen “affirmative nonkilling” ki se ranfòsman enstitisyon entenasyonal yo, koperasyon entènasyonal ak devlopman dirab.

Roland Joseph, Ph.D.

Doktè Roland Joseph se yon chèchè Ayisyen k ap viv Ozetazuni e k ap evolye nan domèn etid sou lapè ak konfli entènasyonal. Rechèch li yo konsantre sou defi ak eksperyans transfòmatif aktivis/chèchè k ap fè pwomosyon syans politik ki baze sou tewori “nonkilling” ak lòt aktivis/chèchè ki nan domèn dezameman ak disyazyon nikleyè. Doktè Joseph se yon chèchè asosye nan Center for Global Nonkilling (CGNK), yon ONG Amerikèn entènasyonal ki akredite nan Nasyon Zini k ap fè pwomosyon “nonkilling” ak konstriksyon lapè (peacebuilding). Depi nan mitan ane 2023 a, li chwazi pou l sansibilize, edike, oubyen atire atansyon Ayisyen k ap viv an Ayiti kou nan diaspora a sou kesyon ris ki lye ak itilizasyon potansyèl zam nikleyè nan konfli.

Nòt:

Nou puize enfòmasyon nan atik sa a nan pifò gwo medya nan mond la tankou CNN, Reuters, ak Le Monde Diplomatique elatriye.

US and UK carry out strikes against Iran-backed Houthis in Yemen: By Oren Liebermann, Haley Britzky, Natasha Bertrand, Kevin Liptak, Alex Marquardt, MJ Lee and Jennifer Hansler, CNN: https://www.cnn.com/2024/01/11/politics/us-strikes-houthis-yemen/index.html

Pakistan, Iran to expand security cooperation, move on from missile strikes:

By Gibran Naiyyar Peshimam: https://www.reuters.com/world/pakistan-iran-agree-expand-security-cooperation-after-missile-strikes-2024-01-29/

Experts react: Three US servicemembers were killed in Jordan. Will the US strike back at Iran?: https://www.atlanticcouncil.org/blogs/new-atlanticist/experts-react/experts-react-three-us-servicemembers-were-killed-in-jordan-will-the-us-strike-back-at-iran/

US and UK carry out additional strikes against Houthi targets in Yemen. By Natasha Bertrand and Oren Liebermann, CNN: https://www.cnn.com/2024/01/22/politics/us-uk-strikes-yemen-iraq/index.html

Pourquoi tant d’attaques de navires en mer Rouge ? Comprendre en trois minutes. Par Pierre Lecornu et Robin Gasser:

https://www.lemonde.fr/comprendre-en-3-minutes/video/2024/01/09/pourquoi-tant-d-attaques-de-navires-en-mer-rouge-comprendre-en-trois-minutes_6209844_6176282.html

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *