Kouman nou konprann gwo lamès Nasyonzini an?
Boukan News, 09/18/2023 – Ariel Henry Premye minis ansanm ak yon pakèt manb gouvènman plis ekip Madanm Mirlande Hypocrite Manigat HCT debake nan Nouyòk pou vin patisipe nan non peyi Dayiti nan 78 Asanble jeneral Nasyonzini.
Aktivite sila se tankou yon gwo lanmès Òganizasyon mondyal la òganize chak ane.
Anpil prezidan, premye minis ak minis Afè etranjè vin pale sou sitiyasyon lakay yo, rejyon yo ak mond lan.
Plizyè sijè diskite, anpil pawòl pale. Se moman kote otorite sa yo rankontre pou di devan lemond antye tribilasyon pèp lakay yo ap sibi sou tout fòm. Menm jan tou, yo mande solidarite lòt nasyon pou ede yo twoke kòn yo, ede yo pote kwa madoulè k ap tizonnen lavi pèp lakay yo.
Men pi gwo reyalite espas la se rapò gwo peyi ak ti peyi yo ki toujou parèt aklè, menm lè yo ta vle fè pèp konprann la a tout moun genyen menm vwa, menm enpòtans. Rezon an se paske tout otorite genyen menm tan pawòl. Yon lòt kote pwotokòl la pati konsa: delegasyon prezidan yo pale anvan, apre se delegasyon premye minis yo, lè fini ou jwenn delegasyon minis yo.
Si w pa genyen yon lide sou fonksyonman mond lan, si w pa konprann sa k rele jewo politik la, si w pa metrize rapò Nò-Sid yo, rapò gwo pwisans ekonomik ak gwo pwisans zam yo, w ap pèdi nan lespri w, ou pap reyisi sezi sa k ap pase y’a.
Pa etone nou pèp Ayisyen pou n wè koze peyi Ikrèn nan, sa k ap pase nan zòn Sahel la, gwo inondasyon nan peyi Libi, Goudougoudou lakay Wa Mawòk la, pwoblèm chanjman klimatik yo(gwo chalè ki sòt sekwe anpil peyi, gwo dife nan divès kote sou latè, avari van ak gwo gwo inondasyon ki prèske disparèt yon seri espas sou Kat mond lan, ekonomi Kapitalis la k ap pran gwo pataswèl…) okipe tout espas yo nan gwo Woumble sa, pou n repete ekspresyon frè nou, kamarad nou Sony Bastien.
Men zafè gang, koze tifi ak fanm y ap vyole chak jou, fanmi k ap kouri chak jou kite kay yo, tiimoun ki pa fouti ale lekòl paske bandi achte peyi y’a espesyalman Pòtoprens lajan kontan. Timoun ansanm ak granmoun k ap mouri anba mal nitrisyon, radiyès pèmèt prezidan dominiken an, mouche Abinader fè nou an akòz konstriksyon yon ti baraj sou larivyè Masak.
Pandan lakay li se 11 priz yo pran sou rivyè y’a ki pataje 2 peyi yo. Yon pèp ki depi 3 lane ap monte lesyèl pa do pap sonnen anpil ditou nan gwo kay vitré Manhattan nan.
Dayè depi 15 septanm, zòt yo te kòmanse montre nou ki kalte tretman yo rezève pou nou. Epi malerezman nou genyen yon swadizan premye minis ki se sou lòd mèt li li mache. Konsa mèt li deja defini, deja deside kisa l dispoze fè, kisa l ap fè ak nou.
Mouche Ariel ki deplase ak yon bann ranpli kwen pral senpman repete vandredi 22 septanm pawòl mèt li mete nan bouch li. Èske se yon aksidan, “une coïncidence” ou “un hasard du calendrier” ki fè mouche Ariel Henry ap pran lapawòl jou 22 septanm nan. Tonton makout oblije. PHTK se pwolonjman pouvwa tonton makout yo, pouvwa Divalyeris yo nan peyi y’a.
Dayè ou ta di, gang yo ki gaye nan tout peyi y’a, aksyon yo sanble kon degoutdlo ak aksyon tonton makout yo pou simen laterè, kè sote, fè moun rantre nan nich ou, pa anmède pouvwa. Tonton makout, atache, FRAPH, chimè, bandi, gang tout se divès fòm pouvwa restavèk yo sou lòd enperyalis la/prensipal patwon yo itilize pou kreye laperèz, fòse moun fèmen bouch yo, anpeche manifestasyon fèt kont pouvwa restavèk sanginè yo. Genyen kote nan peyi etranje yo sèvi ak eskadwon lanmò. Anlèvman ak kidnapping lan se marasa ak eskadwon lanmò a.
Konsa pèp Ayisyen semenn sa travay la nan men dyaspora sitou dyaspora Etazini an, mèt pouvwa Ariel Henry ak pil plen kwen yo ki akonpaye l la, pou fè lemond antye konnen pouvwa Ariel Henry ya se prensipal sous ensekirite nan peyi ya.
Se pou dyaspora kanpe devan Nasyonzini nan Manhattan pou di lemond antye gang yo k ap vòlò, k ap vyole tifi ak fanm, kap kidnape, k ap mete dife lakay moun, k ap kankannen nou tou vivan nan dife pandan pouvwa Ariel Henry y’a pa janm di yon pawòl fèm, pa janm pran yon aksyon solid, pa janm defini yon veritab politik pou déchoucage bandi se pou Ariel Henry ak mèt li yap travay.
Se pou dyaspora fè konnen anpil Òganizasyon k ap defann Dwa moun makonnen ak Òganizasyon nan tout rakwen peyi Dayiti chak jou mete devan lemond bon jan prèv kote pouvwa Ariel Henry y’a pa gen senkòb volonte pou mennen yon batay kont bandi.
Se pou dyaspora mande lemond antye èske pèp Ayisyen an pa konte tou nan popilasyon mondyal la.
Se pou dyaspora mande Nasyonzini apa se tout bon vre jouk jodi y’a y ap fè nou peye 1804 la paske se sou sang nou nou te kase chenn lesklavaj epi louvri pòt libète bay anpil pèp sou latè.
Se pou dyaspora klewonnen byen fò devan lemond antye Ariel Henry ak pil plwen kwen l yo pa reprezante ni peyi Dayiti, ni pèp Ayisyen an ni nou menm nan dyaspora.
Pèp Ayisyen an deja di sa l vle, kouman l vle. E konpòtman l devan radiyès pèmèt mouche Abinader montre aklè pou tout sila yo ki potko vle konprann ni kwè l Ayisyen renmen Ayisyen. Ayisyen renmen Ayiti.
Ayisyen vle viv nan peyi yo
Ayisyen dakò pou l pwodui nan peyi l.
Se pou dyaspora mande otorite lemond antye si y ap kite Ayiti disparèt sou mapmond/katmond lan.
Pou fini se pou dyaspora foure je gade nan dènye mesaj Konferans Evèk peyi Dayiti yo fè soti 13 septanm 2023 ki titre: ”Le cri de tout un peuple face à l’abandon.”
Marcel Poinsard Mondésir, agwonom