Boukan News deside piblye not eksplikasyon Dr Joram Vixamar nan pou blayi limyè sou dosye sa a ki tap jete vèni ni sou enstitisyon UPNCH la ak tout rektè a. Joram se yon jen ki konsanti fè anpil sakrifis nan etidye pou li fè non l epi mete konesans li pou sèvi peyi a. Konsa, Dr Joram Vixamar merite respè, aplodisman ak gratitid men se pa sal imaj li. Paske jen gason ak jen fanm jodi a ki gen anpil konesans, lavni peyi Dayiti se nan men yo li ye ki pou gide pep Ayisyen an la sou wout devlopman ak pwogrè nan diyite ak lonè!

Esplikasyon m, Dr Joram Vixamar, rektè UPNCH, sou esklizyon etidyan Peterson Dieudonné nan UPNCH.
Boukan News, 09/05/2023 – Anpil moun di m pa pale paske m rektè inivèsite a. Men kòm dirijan, mwen jije ke m genyen obligasyon pou m rann sosyete a kont, m oblije di sosyete a kisa ki pase.
Avan m kòmanse pale, mwen gen plezi pou m prezante m ankò pou sosyete a. Mwen se Joram VIXAMAR, rektè Inivèsite Piblik Nò Okap la (UPNCH). Mwen fè yon Doktora nan Dwa piblik nan Université Rennes 2 annakò ak Université Rennes 1 nan peyi Lafrans. Mwen fè yon Mastè nan « Managment public » nan Université Rennes 2. Mwen fè lisans mwen Ayiti nan Inivèsite Piblik Nò Okap (UPNCH). Mwen se premye pwomosyon inivèsite sa. Mwen fè etid segondè m Lise Boukman Okap epi etid primè m Lekòl nasyonal Antenor Firmin Okap. Mwen ekri premye pwogram Mastè pou rezo UPR la, Mastè Ekonomi ak Jesyon kolektivite Teritoryal yo, ki nan UPNCH. Mwen te direktè mastè sa epi m te dwayen nan lòt Inivèsite Piblik. Mwen fè kou nan inivèsite piblik tankou inivèsite ki pa piblik. Mwen fè esperyans nan plizyè lòt enstitisyon piblik tankou prive nan peyi a.
Kisa dosye Peterson Dieudonné a ye? Avan m kòmanse, m ap raple kèk bagay.
Peterson Dieudonné se neve m, pitit gran sè m. Se yon etidyan UPNCH konsèy inivèsite a sanksyone pou dezòd tankou yo te ka sanksyone nenpòt lòt etidyan. Li fè pati yon gwoup etidyan ansyen rektè a te mete deyò ke komisyon ki t ap jere inivèsite a anvanm rektè a te fè gras épi reyentegre yo nan inivèsite a. Men sou menm komisyon an etidyan sa yo te kontinye poze plizyè aksyon ki nwi inivèsite a, tankou fèmen pòt Inivèsite a, fòse dirijan yo ba yo kontra oubyen avantaj kòm etidyan pou yo kite Inivèsite a mache byen ak anpil lòt bagay ankò ke m pa bezwen site la.
Lè m rive kòm rektè Inivèsite a, kòm jèn gason ki vle fè yon bagay serye nan peyi a pou yo pa di jenès la paka fè anyen, mwen pran desizyon pou m mete lòd epi frennen tout deriv ki konn fèt yo. Pami desizyon mwen pran yo, m ap site kèk :
1) Nan yon sikilè rektoral mwen te pran nan ane 2022, mwen koupe kontra travay tout etidyan ki te nan lisans ki poko fin fè katriyèm ane, pami yo Peterson Dieudonné, neve m. Mwen konsidere ou paka tan plen kòm etidyan pou w tan plen kòm anplwaye nan menm espas la ;
2) Mwen koupe abitid otorite nan depatman Nò vin mete pòstilan ki pa pase nan konkou an. Mwen di pou w rantre nan inivèsite a, fòk ou pase nan konkou. Anpil otorite nan Nò a te jwenn refi epi lè m esplike yo sa m vle fè, yo aksèpte. Malgre sa genyen tantativ ki te fè pou plis pase 55 pòstilan rantre san yo pa pase konkou. Aprè m te vin dekouvri sa, mwen te fè ankèt, mwen mete yo deyò epi sanksyone anplwaye ki te fasilite yo rantre nan inivèsite a ;
3) Mwen fè retounen nan klas enferyè yon seri etidyan ki te pran plezi monte klas siperyè san yo pa swiv yon seri kou epi yo tann kou yo rive nan katriyèm ane pou soutni memwa yo, yo di se pwofesè ki pat ba yo nòt, yo mande yon devwa. Mwen fè yo reprann kou yo ;
4)Mwen fè plis pase 50 etidyan ki te monte klas san yo pa fè mwayenn double. Etidyan sa yo te pran preteks peyi a te gen kriz paske prezidan te mouri yo pat ka etidye. Pou rezon sa, yo monte klas siperyè. Sila yo ki te nan premye ane epi ki te al fè dezyèm ane deyò paske premye ane pa gen double ;
5) Mwen pase lòd ak tout dwayen, tout direktè pou yon moun anseye nan inivèsite a, fòk ou genyen omwen yon Mastè paske mwen pokò ka fin konprann Koman yon moun ki genyen yon lisans ka ap anseye moun ki nan lisans tou.
Mwen site mezi sa yo sèlman san m pa bezwen pale de reyalizayon m, amenajman espas inivesite a ak konstriksyon lòt batiman paske se pa objektif esplikasyon m nan.
Mwen pran anpil desizyon akademik enpopilè, men ki vin monte nivo Inivèsite a. Sa vin fè ane inivèsite a pase trè byen san ankenn pwoblèm, jiskaske egzamen fèt, rezilta bay epi enskripsyon konkou admisyon an komanse pou ane 2023-2024. Jis konnya pa gen ankenn twoub nan inivèsite, tout bagay ap fonksyone trè byen.
An n tounen sou koze Peterson Dieudonné a, m ap site kèk dezòd li fè, li vin fè m pran distans ak li epi sanksyone l tankou m te ka sanksyon nenpòt etidyan ki fè dezòd :
1) Lè m fin enstale kòm rektè, misye vin pa respekte ankenn moun nan inivèsite, etidyan tankou anplwaye, sou baz mwen se tonton l. Misye menm rive agrese sekretè jeneral inivèsite pandan yon konkou t ap òganize paske l te di se li menm ki pou sipèvizè jeneral konkou an. Sekretè jeneral la te di misye, oumenm se yon etidyan dezyèm ane, se pa paske tonton w rektè pou w panse se oumenm ki rektè. Misye agrese SG a nan lakou inivèsite a epi l tonbe ekri sou tout gwoup di SG a volè. Mwen pat Ayiti, kote m te ye aletranje a, genyen yon konsèy ki fèt yo te pran desizyon mete misye deyò nan inivèsite a. Aprè 2 mwa (oktob ak novanm 2022), manman misye, papa misye, frè papa misye vin mande padon pou misye, yo fè misye prezante eskiz li ak sekretè jeneral inivèsite a. Kòm edikasyon se yon byen piblik mondyal, SG a padone misye, li mande konsèy la gras pou misye, konsèy inivèsite a reyentegre Peterson Dieudonné kòm etidyan. M ap raple, tout negosyasyon yo ak demand paran misye yo te fèt devan yon jij nan Okap, sa vle di gen prèv ;
2) Mwen pat Okap, Peterson Dieudonné rantre nan inivesite a ak yon mekanisyen, li leve kapo yon machin inivèsite a, li fè manèv, san li pa gen kle, li fè machin nan mache. Lè sekirite bloke l, li di se tonton l ki voye l pran machin nan, sa vle di se mwen menm. Lè m enfòme de sitiyasyon an, mwen di se pa vre epi m rele misye, m di gen dwayen ak direktè ki pa gen machin, oumenm kòm etidyan ou paka ap woule machin inivèsite a sou baz mwen se tonton w. Misye di m li pap remet machin nan. Machin sa fè plizyè jou nan men l. Mwen pale ak tout fanmi li, ankenn moun pat ka fè l pote machin nan remèt. Lè manman l pale ak li, manman an di m misye joure l epi menm rive frape l. Mwen ale lajistis, yon sibtiti komisè gouvènman pale ak misye nan telefòn, di l remèt machin nan, li di majistra li pap remèt machin nan, li ap woule l pandan yon kantite tan. Olye li remèt machin nan, li pito boule l. Pawol sa yo repete nan yon apèl konferans ak mwen ak plizyè lòt direktè. Komisè a fè yon manda pou yo arete misye epi konfiske machin nan kote yo jwenn li. Mwen voye kopi manda ba misye. Se lè sa misye depoze machin nan nan lari epi yon anplwaye inivèsite a pote l nan inivèsite a. Tout prèv yo la ;
3) Dènye bagay ki pral mete Peterson Dieudonné deyò nan inivèsite a, se lè anplwaye yo touche salè yo ane sa. Nan mwa ki sot pase la, anplwaye yo touche, paske koze kontra mete tout anplwaye inivèsite piblik yo anreta. Misye rele m di, mwen te retire kontra l, fòk m peye l. M di misye m pat retire kontra w, mwen di yon desizyon pran ki konsène tout etidyan lisans ki gen Kontra tan plen ki pokò fin fè katriyèm ane, kòm ou te gen Kontra ou frape tou. M di misye, m ka touche salè m, m fè w kado tout salè m kòm neve m, men se pa sou baz presyon ni egzijans. Si m kite w ap banm presyon pou m ba w kòb se tankou se ransone w ap ransone m, pi douvan ou pral fè sa ki pi mal épi se mwen ki pral wont. M di l, tann ou fini nan inivèsite a, pou w gen nivo yo mande a epi pou w travay alèz. Se lè sa, Peterson Dieudonné dedouble. Li di m, li pral fèm regrèt. Epi l fè m anpil menas vèbal ak ekri. Mwen gen tout mesaj yo ak tout diskisyon yo. Misye tou al jwenn kèk moun ki te deja gen pwoblèm ak mwen. Moun sa yo reyini laprès pou li, moun ki di yo jounalis anliy, yo ba l pale, epi l envante anpil manti yon fason pou sa l imaj inivèsite ak non m ke m pase plizyè ane ap konstwi. Nan lespri l ak tout moun ki dèyè l yo, pèp ayisyen an se yon pèp sansasyonèl, moun ki fè plis manti an, ki di plis vye koze a, se limenm ki gen rezon.
M ap fè tout sosyete a konnen, inivèsite sa te genyen yon kilti depi yon moun vin mande w yon sèvis ou paka rann li, li fè fo kont sou Facebook pou denigre w oubyen li al pran laprès akize w. Mwen menm, mwen bay tèt mwen an sakrifis pou sa chanje. Lè w ap dirije ou pa dwe pè rezo sosyal paske tout moun k ap fè dezòd depi yo sanksyone yo, se rezo sosyal ki refij yo. Sa ki koz peyi a rive nan nivo sa. Ankenn moun pa vle pran reskonsablite yo, tout moun pè pou laprès pa pale de yo, pou non yo pa site.
Nan sosyete a, depi w gen nivo, ou bon moun, se oumenm delekan fè plis deblozay ak li paske li konnen ou pap reponn li, ou pap di l sa yo li ap di w la. Li pap janm denonse yon delekan parèy li, paske li konnen repons lan ap rapid epi pwopòsyonèl.
Sa mwen sot di la yo sou Peterson Dieudonné se kèk bagay, mwen pa di tout sa misye fè, genyen bagay mwen kite, men kòm mwen se yon pèsonaj piblik, mwen esplike sak pase nan inivèsite a selman yon fason pou sosyete a gen yon ti limyè. Mwen bay esplikasyon sa paske Peterson Dieudonné pale nan laprès epi fè akizasyon sou mwen ak sou pèsonèl inivèsite a.
Li twò fasil nan peyi sa, pou yon moun fin konstwi tout karyè l nan redi etidye epi travay, pou yon lòt ki poko menm al lekòl, pran yon mikwo pou eseye detwi l. Pou m jere prestij ak entegrite moral inivèsite a, mwen pase sèvis jiridik inivèsite a lòd pou pouswiv misye paske li akize tout pèsonèl inivèsite a pandan li ap pale epi sa pote atent ak inivèsite menm. Tout lòt moun ki ta komèt menm aksyon sa, ap jwenn menm trètman san pati pri.
Anpil moun konn ap kritike moun ki dirijan nan peyi a epi fanmi yo ap dirije nan plas yo, pa fwa se paske dirijan sa yo refize sibi atak ou wè misye fè kont mwen ki tonton l. Se paske dirijan sa yo di, yo ap kite pòs la, men yo ap rete ak fanmi yo. Mwen se diferan, menm nan fanmi m, mwen pa tolere dezòd. Se tolerans fanmi ki fè ti moun yo fin devni bandi. Pafwa gen kèk moun ki te pwòch mwen, ki vin gen pwoblèm ak mwen, se pou sa ki Pa bon yo ap fè.
M ap di sosyete a, mwen m te genyen 2 chwa nan ka Peterson Dieudonné a : se oubyen mwen kite Peterson Dieudonné fè sa l vle nan Inivèsite a sou baz m tonton l epi tout anplwaye ak etidyan leve kont mwen. Oubyen misye li menm sèl al jwenn moun ki te deja gen pwoblèm ak mwen sanm pa konnen pou leve kont mwen. Mwen chwazi kite li menm sèl leve kont mwen pou paske m pa Dakò ak dezòd li ap fè. Lè sa, konsyans mwen anpè.
Kòm sosyete kapwaz la konnen tout moun ki ap viv Okap, nan yon ti tan, n ap wè moun ki manipile Peterson Dieudonné yo. Piti pa piti yo ap pote tèt yo vini. Yo gen pou vin defann li, yo gen pou ekri sou fo kont pou li, pou parèt tout kò yo epi n ap konprann.
Sa yo mwen esplike la, se yon pati nan sa Peterson Dieudonné fè. Nenpòt moun ka mande nenpòt etidyan oubyen dirijan ki nan inivèsite a, yo ap di w menm bagay la.
Pou m fini, m konseye n toujou dirije ak lalwa, pa janm dirije ak santiman. Enstitisyon Leta yo pa dwe vasalize, ni yo pa dwe afè ti zanmi ak fanmi.
Mwen detèmine tout tan m rektè UPNCH, li ap yon inivèsite ki serye, kote se inivèsite k ap fèt tout bon epi kote nòm akademik yo ap respekte. Okap, 3 septanm 2023.
Joram Vixamar, Ph.D.
Doktè nan Dwa Piblik
Rektè UPNCH